Règ Sou Dwa Prive

  1. Nan denye limit lalwa a pemet, cloudveil.org, ak founisè li epi distribitè li yo pa bay garanti sou sèvis yo, ni sa ki deklare ni sa ki enplike.  Sèvis sa yo fèt “kom sa”.  Nou pa bay nenpot garanti sou kapasite a pou machandiz la, ni fòs pou ranpli nenpòt bi an patikilye, ni yon garanti kont enfraksyon.
  2. Nan denye limit lalwa a pemèt, pap gen ka kote cloudveil.org ak founisè li e distribitè li va responsab pou nenpòt domaj endirèk, espesyal, segondè, an pinisyon, egzanplè, konsekan oubyen nenpòt pèd sevis, data, biznis, oubyen pwofi san regad tewori legal, menm si service cloud te avèti oubyen pat avèti posibilite domaj konsa, epi menm si solisyon an manke akonpli bi esansyèl li.
  3. Ou dakò pou lache, pwoteje, epi konsidere cloudveil, org san tò  nan nenpòt epi tout ped, domaj, depans, pri rezonab avoka, dwa, revandikasyon, nenpot kalite aksyon pwose, epi blesi ki sòti nan reklamasyon sou twazyèm pati a konsenan itilizasyon nan Sèvis ou a, vyolasyon ou sou tèm sayo, oubyen vyolasyon ou fe sou nenpot dwa yon lot moun.
  4. Se lalwa Kansas ki va gouvenen tèm sayo.
  5. Nou ka revize tèm sa yo tanzantan epi nou va toujou poste vèsyon pi kouran sou website  nou.  Si genyen yon revizyon siyifikatif ki diminye dwa ou, nou va avize ou sou sa nan website la.  Si ou kontinye itilize oubyen jwenn aksè Sèvis  la apre revizyon yo egzekite,  ou dakò pou vin anba lòd tèm revize yo..
  6. Nan cloudveil.org, sa byen enpòtan pou kenbe enfòmasyon kliyan nou yo byen prive.  Nou pa vann, lwe, oubyen montre lòt moun enfòmasyon ou, sòf sa yo ki asosye direkteman ak sèvis nou ofri a.  Enfòmasyon nou sanble a itilize sèlman pou sèvis filtè asosye nou.  Nou mete an kòd epi sekirize enfòmasyon pèsonèl, tankou kat krèdi, etsetera.  Nou sèvi ak metòd nòmal endistri a ki dakò ak règ lalwa ki kouran.  Sepandan, li toujou responsabilite kliyan pou asire konpitè a ak aparèy yo sekirize byen pwòp lè y’ap resevwa oubyen voye enfòmasyon nan cloudveil.org.  Si ou itilize sèvis yo sou website sa a, CloudVeil ka bare epi jwenn aksè ak aktivite Entènèt ou.  Nou va toujou respekte enfòmasyon sa a kom yon bagay prive ki sekirize l’.  Se sèlman moun CloudVeil ki va gade l’ pou sa ede nou bay sèvis ki asosye ak pwodwi nou.

 

Tanpri, pou plis enfòmasyon ou mèt kontakte sèvis kliyan CloudVeil la:

Emèl: support@cloudveil.org

Telefòn: (888) 782-4962